Pwogram nan
Pwojè Sosyete Nou
Yon plan aksyon bidjetrize, pragmatik e ki fèt pou egzekite depi nan premye san jou yon administrasyon NOU.
Yon chanjman paradigm
Dokiman n ap prezante a pa yon lis pwomès elektoral. Se yon plan aksyon bidjetrize, ekspè ayisyen atravè lemond prepare l, epi li fèt pou egzekite depi nan premye san jou yon administrasyon NOU.
6 poto estratejik refondasyon nasyonal la
Refondasyon sekirite
Retabli otorite Leta, retabli lòd piblik tousuit sou tout teritwa nasyonal la, epi mete yon sistèm kontwòl solid sou teritwa a.
Souvènte alimantè
Yon gwo sipò pou pwodiksyon agrikòl lokal la, ansanm ak yon siveyans estratejik sou enpòtasyon pou pwoteje pwodiksyon nasyonal la sou dire.
Vrè desantralizasyon
Yon refondasyon teritoryal ki chita sou otonomi bidjè kolektivite yo, transfè reyèl konpetans administratif bay komin yo, ak yon amenajman nasyonal modèn, ekilibre ak kowòdone.
Edikasyon & inovasyon
Yon refondasyon sistemik nan edikasyon nasyonal la ki bati sou yon kourikoulòm modènize, yon aksè ekitab ak amonize, kanpis teknoloji rejyonal, epi ankourajman inovasyon, rechèch ak antreprenarya.
Sante
Yon politik sante entegre ki chita sou modènizasyon enfrastrikti lopital rejyonal yo, aksè inivèsèl ak swen primè, yon rezo pwoteksyon sosyal, ak yon asirans sante espesyal pou moun ki gen mobilite redui.
Diplomasi
Tabli yon politik diplomatik estratejik ak pwogresis ki vize optimize patenarya entènasyonal yo pou ogmante sipò ekstèn ak opòtinite komèsyal yo.
Apwòch nou an patisipatif. Dokiman sa a se yon manifès k ap evolye ki nouri tèt li ak konsiltasyon sitwayen nou mennen chak semèn nan 10 depatman yo.
Telechaje dokiman an
Vèsyon konplè pwojè sosyete NOU 2026-2031 lan (fòma PDF, 4.2 MB).