Actions & Médias
Vivez les grands moments du mouvement NOU à travers nos albums publics et nos vidéos officielles.
Album public
Pati a te òganize yon aktivite politik-kiltirèl pou tout manb yo ak tout lòt moun ki enterese. te genyen ti koze sou: - Prezantasyon ideyolojik pati a; - Deba sitwayen; - Prestasyon mizik ak atis envite; - Echanj ak rezotaj. Li te kòmanse vè 4 trè nan aprèmidi pou rive 6 zè nan aswè, nan adrès pati a, 17 ri Dalencourt, Bourdon (wout ki pase nan do mè bourdon an.) Te gen anviwon 60 moun ki te patisipe avèk nou, kite panche zòrèy yo pou tande koze chanjman an epi poze kesyon pou konprann pi byen wòl ak angajman yo andedan travay la.
Foire Agro&Gastro Artisanale En Partenariat avec l'organisation ORFEVEV.
8 Mas, Jounen Entènasyonal Dwa Fanm Dat sila, se dat ki raple nou ke fanm nan tout listwa limanite te toujou oblije batay pou yo rekonèt DWA yo. Anpil batay mennen nan anpil peyi pou FANM ka gen menm DWA ak GASON. Nan listwa peyi Dayiti, fanm yo te toujou nan premye liy batay pou libète ak diyite. Depi Revolisyon an, ak Cécile Fatiman, Sanité Bélair, rive nan batay pou yo gen dwa vote an 1950 ak Madeleine Sylvain-Bouchereau, fanm ayisyèn yo toujou montre kouraj ak detèminasyon. Menm si aprè lesklavaj, tout moun sou zile a te vin genyen DWA pou viv tankou MOUN Men batay pou egalite, respè, sekirite ak patisipasyon FANM nan desizyon yo poko fini. Nan mache yo, nan lekòl yo, nan inivèsite, nan jaden, nan biznis, fanm ap batay chak jou pou kenbe espwa vivan nan peyi a, nan sans sa pati Politik NOU ap kanpe kont tout fòm diskriminasyon kap fèt sou FANM nan sosyete a, e nap denonse pratik ki vle ke: - FANM oblije vann kò l pou l jwenn travay - FANM se poto mitan fanmi pou sèvi de twal pye pou gason ki pa vle okipe pitit yo NOU kwè ke leta dwe pwoteje DWA FANM plis ke posib nan sosyete a. NOU kwè ke yon sosyete ki chita sou JISTIS sosyal dwe genyen EKITE. Nan sans sa nap swete FANM yo kontinye selebre DWA yo, batay pou fè respekte yo e angaje yo pou konsève DWA yo. NOU ANSANM✊🏾🇭🇹